ORGDHEnskri / Konekte
AkèyFè donEnskriAntre
Asanble 2026Asanble Nasyonal ak Entènasyonal pou Sekou Pèp Ayisyen an7–11 desanm 2026Gade detay Asanble a →
Yon Asanble nasyonal ak entènasyonal pasifik k ap konekte patisipan atravè lemond
Yon sèl asanble · Ayiti ak dyaspora a · 7–11 desanm 2026
← Retounen nan kalandriye Asanble a

Gade pwogram konplè senk jou yo

Jou 01 · 7 desanm 2026

Soti Kiskeya rive Deklarasyon Endepandans lan

Yon jou pou sonje trajedi, lit ak istwa tè a ak pèp ki sou li a.

Yon espas endepandan, pasifik ak volontè pou reflechi. Chak moun pran pwòp desizyon pa li.

Lè Ayiti / New York

Maten · 9:00–12:00

Istwa, rezistans ak souverènte

  1. 9:00–9:30Seremoni ouvèti, objektif Asanble a, règ patisipasyon ak mesaj nasyonal
  2. 9:30–10:35Dokimantè UNESCO Africa: Slave Route — The Soul of Resistance, avèk kòmantè an Kreyòl Ayisyen
  3. 10:35–10:50Rezistans yon pèp devan opresyon
  4. 10:50–11:05Soti Kiskeya rive Afrik, epi soti Afrik retounen Kiskeya: Kijan malè a te kòmanse?
  5. 11:05–11:10Chante ak videyo: Sonje
  6. 11:10–11:25Yon egzanp lidèchip ki byen òganize
  7. 11:25–11:40Konprann souverènte nasyonal
  8. 11:40–12:00Èske souverènte sa a sèvi pi bon enterè pèp la?

Apremidi · 1:00–4:00

Kalite tretman pèp la resevwa

  1. 1:00–1:05Chante: Kite Nou Viv
  2. 1:05–1:20Ki kalite tretman pèp la resevwa depi apre Endepandans?
  3. 1:20–1:35Kijan divizyon an te kòmanse soti Afrik rive Kiskeya?
  4. 1:35–1:50Sa pèp la pa vle ankò ak rezon ki fè li pa vle l
  5. 1:50–2:00Chante ak videyo: Sonje ak Kite Nou Viv
  6. 2:00–2:20Palè a, Chanm nan ak teyat politik yo
  7. 2:20–2:40Politisyen yo ak prezans yo nan lavi pèp la
  8. 2:40–3:00Politisyen yo ak abitid yo
  9. 3:00–3:15Ayiti: yon ti peyi ki gen gwo istwa
  10. 3:15–3:45Distribisyon prim ak rekonesans pou depatman yo
  11. 3:45–4:00Rezime premye jounen an ak anons dezyèm jounen an

Jou 02 · 8 desanm 2026

Tretman pèp la resevwa depi Endepandans

Yon jou pou egzamine dilèm endepandans, fason yo egzèse pouvwa ak konsekans yo pou pèp la.

Yon espas endepandan, pasifik ak volontè pou reflechi. Chak moun pran pwòp desizyon pa li.

Lè Ayiti / New York

Maten · 9:00–12:00

Pawòl san rezilta ak pèp san defans

  1. 9:00–9:15Ouvèti ak prezantasyon tèm jounen an
  2. 9:15–9:35Pawòl vid: plis pase 200 ane ap pale
  3. 9:35–9:55Wout ak lekòl gratis: pwomès yo ak rezilta pèp la jwenn
  4. 9:55–10:15Poukisa pawòl yo pa janm tounen rezilta?
  5. 10:15–10:20Chante: Nou Bouke ak Pawòl
  6. 10:20–10:40Yon pèp san defans: pèp la pa jwenn pwoteksyon ni swen
  7. 10:40–11:00Lè gang ap touye pèp la, kiyès ki kanpe avèk li?
  8. 11:00–11:20Lè yo imilye pèp la nan lòt peyi, kiyès ki pale pou li?
  9. 11:20–11:40Lè pèp la pa gen dlo, manje, doktè oswa lekòl, kiyès ki ede li?
  10. 11:40–11:55Analiz sistèm nan: Poukisa bezwen pèp la pa resevwa atansyon li merite?
  11. 11:55–12:00Ann reflechi sou sa

Apremidi · 1:00–4:00

Destriksyon pwodiksyon ak depandans

  1. 1:00–1:20Yo detwi sa ki te soutni pèp la: kisa peyi a te genyen, epi kisa ki rete?
  2. 1:20–1:45EDH: Kijan privatizasyon ak move jesyon afekte elektrisite?
  3. 1:45–2:10TELECO: Kijan privatizasyon an te fèt, epi ki konsekans li te genyen?
  4. 2:10–2:40Asyeri, simantri ak minotri: Kijan peyi a te pèdi kapasite li pou pwodui?
  5. 2:40–3:05Analiz sistèm nan: Depandans kòm yon zouti kontwòl
  6. 3:05–3:10Ann reflechi sou sa
  7. 3:10–3:15Chante: Kote Tout Sa Ki Te Fè Nou Viv?
  8. 3:15–3:30Rezime analiz jounen an
  9. 3:30–3:50Distribisyon prim ak rekonesans pou depatman yo
  10. 3:50–4:00Konklizyon ak anons twazyèm jounen an

Jou 03 · 9 desanm 2026

Lidèchip, enstitisyon, temwayaj kominotè ak refleksyon

Yon jou pou egzamine sa nou genyen, sa nou resevwa kòm pèp ak eksperyans nou viv—pou chak moun reflechi epi pran pwòp desizyon endepandan pa li.

Yon espas endepandan, pasifik ak volontè pou reflechi. Chak moun pran pwòp desizyon pa li.

Lè Ayiti / New York

Maten · 9:00–12:00

Pèp la toujou nan sinistre

  1. 9:00–9:15Ouvèti ak prezantasyon tèm jounen an
  2. 9:15–9:35Sinistre a pa sèlman konsekans tranblemanntè 2010 la
  3. 9:35–9:55Poukisa sinistre pèp la pa janm fini?
  4. 9:55–10:15Poukisa asistans pou moun ki sinistre yo pa rive jwenn pèp la?
  5. 10:15–10:35Yon peyi anba tant: lè sitiyasyon pwovizwa tounen yon fason pou viv
  6. 10:35–10:40Ann reflechi sou sa
  7. 10:40–10:45Chante: Kilè N ap Soti nan Sinistre Sa a?

Ensekirite

  1. 10:45–11:05Kisa ensekirite a ye toutbon?
  2. 11:05–11:25Kote zam yo soti, epi poukisa yo nan peyi a?
  3. 11:25–11:45Pèp la pa ka viv lakay li, epi li pa ka viv nan lòt peyi
  4. 11:45–11:55Ki kalite lavi pèp la ap mennen nan lòt peyi?
  5. 11:55–12:00Ann reflechi sou sa

Apremidi · 1:00–4:00

Imilyasyon pèp la

  1. 1:00–1:05Chante: Mwen Bezwen Yon Kote Pou M Viv
  2. 1:05–1:30Egzil makiye: èske migrasyon an ap retire fòs peyi a?
  3. 1:30–1:50Chili, Brezil, Etazini, Texas ak Sen Domeng: diferan kote, menm eksperyans imilyasyon an
  4. 1:50–2:10Poukisa Ayisyen ap sibi imilyasyon toupatou? — Analiz sistèm nan
  5. 2:10–2:25Lè ou pa gen yon kote ki pou ou, èske ou jwenn respè?
  6. 2:25–2:40Imilyasyon pèp la: yon gwo wont pou nasyon an
  7. 2:40–2:45Ann reflechi sou sa

Kisa pèp la pa bezwen, e poukisa?

  1. 2:45–3:05Lè richès yon peyi tounen yon madichon pou pèp la
  2. 3:05–3:20Èske pèp la pa bezwen sa tè peyi a kapab bay?
  3. 3:20–3:35Kisa yo fè ak tè ak resous peyi a pandan plis pase 200 ane?
  4. 3:35–3:40Ann reflechi sou sa
  5. 3:40–3:50Distribisyon prim ak rekonesans pou depatman yo
  6. 3:50–4:00Rezime ak anons katriyèm jounen an

Jou 04 · 10 desanm 2026

Pitit nou, avni nou, sa nou bezwen

Yon jou pou tande eksperyans moun yo, konprann bezwen yo epi reflechi sou avni yo swete bati pou pitit yo.

Yon espas endepandan, pasifik ak volontè pou reflechi. Chak moun pran pwòp desizyon pa li.

Lè Ayiti / New York

Maten · 9:00–12:00

Pèp la bezwen lavi

  1. 9:00–9:15Ouvèti ak prezantasyon tèm jounen an
  2. 9:15–9:40Pèp la bezwen lavi: Kisa lavi ye toutbon?
  3. 9:40–10:05Poukisa pèp la bezwen lavi kounye a?
  4. 10:05–10:30Tè san lavi kont lavi san tè
  5. 10:30–10:35Ann reflechi sou sa
  6. 10:35–10:40Chante: Ban M Libète Pou M Viv

Libète

  1. 10:40–11:05Kisa libète pa ye?
  2. 11:05–11:30Kisa libète ye toutbon?
  3. 11:30–11:55200 ane libète nan pawòl, zewo ane libète nan lavi pèp la
  4. 11:55–12:00Ann reflechi sou sa

Apremidi · 1:00–4:00

Souverènte

  1. 1:00–1:20Kisa souverènte pa ye?
  2. 1:20–1:40Kisa souverènte ye toutbon?
  3. 1:40–2:05200 ane fyète pou souverènte: ki enpòtans li genyen nan lavi pèp la?
  4. 2:05–2:10Ann reflechi sou sa
  5. 2:10–2:15Chante: Kisa N ap Fè ak Eritaj la?

Lè eritye a pa ka jere eritaj la

  1. 2:15–2:30Nou se eritye; nou pa mèt eritaj la
  2. 2:30–2:45Kisa yon eritye entèlijan fè lè li pa kapab jere eritaj la?
  3. 2:45–3:00Lè eritaj la tounen yon chenn nan pye eritye a
  4. 3:00–3:05Ann reflechi sou sa
  5. 3:05–3:35Premye Referandòm Kominotè ORGDH — 20 kestyon
  6. 3:35–3:50Distribisyon prim ak rekonesans pou depatman yo
  7. 3:50–4:00Rezime ak anons senkyèm jounen an

Jou 05 · 11 desanm 2026

Vwa nou, lavi nou, espwa nou pataje

Yon jou pou pataje espwa pou lavi nou ak jenerasyon k ap vini yo, epi reflechi sou fason koperasyon pasifik kapab ede espwa sa yo vin reyalite.

Yon espas endepandan, pasifik ak volontè pou reflechi. Chak moun pran pwòp desizyon pa li.

Lè Ayiti / New York

Maten · 9:00–12:00

Ki desizyon pèp la?

  1. 9:00–9:15Ouvèti ak prezantasyon tèm dènye jounen an
  2. 9:15–9:40Èske pèp la bezwen lòt moun kontinye goumen nan non li?
  3. 9:40–10:05Èske pèp la ta dwe di li pa bezwen tè a ak richès ki anba tè a ankò?
  4. 10:05–10:25Poukisa pèp la ta konsidere yon desizyon konsa?
  5. 10:25–10:40Rezon 1: Nou pa kapab jere eritaj la
  6. 10:40–10:55Rezon 2: Èske se pou tè a ak richès li yo y ap touye nou?
  7. 10:55–11:10Rezon 3: Pitit nou bezwen lavi, pa sèlman yon papye ki di tè a pou yo
  8. 11:10–11:35Èske yon desizyon konsa se trayizon, abandòn oswa yon lòt fason pou pwoteje lavi?
  9. 11:35–11:40Ann reflechi sou sa
  10. 11:40–11:45Chante: Nou Vle Viv Pou Nou Bay Pitit Nou Lavi
  11. 11:45–12:00Rezime kestyon yo ak preparasyon pou sesyon aprèmidi a

Apremidi · 1:00–4:00

Lit entelektyèl san vyolans

  1. 1:00–1:20San zam, san vyolans: poukisa?
  2. 1:20–1:40Referandòm popilè san politisyen: pèp la eksprime pwòp opinyon li
  3. 1:40–2:00Kisa moun ki gen konprann ak konsyans yo ta dwe fè?
  4. 2:00–2:05Ann reflechi sou sa
  5. 2:05–2:10Chante: Lit la Kòmanse nan Kè Mwen — Ayiti Pap Peri

Kisa nou vle pou pitit nou yo?

  1. 2:10–2:20Mwen pa vle pitit mwen yo viv sa m ap viv jodi a
  2. 2:20–2:30Ki kalite lavi mwen vle pou pitit mwen yo? — Vizyon an
  3. 2:30–2:40Dènye desizyon an: yon desizyon pou lavi pitit nou yo
  4. 2:40–2:50Lit la kòmanse nan kè mwen: san zam, san vyolans
  5. 2:50–3:20Dezyèm Referandòm Kominotè ORGDH
  6. 3:20–3:40Distribisyon prim ak rekonesans pou depatman yo
  7. 3:40–4:00Deklarasyon fèmti, remèsiman ak fen Asanble a
Jou 1 · 7 desanm 2026Jou 2 · 8 desanm 2026Jou 3 · 9 desanm 2026Jou 4 · 10 desanm 2026Jou 5 · 11 desanm 2026
ORGDH Network
KonekteEnskriKreye oswa Mete ModpasBliye oswa Reyajiste ModpasAsanble 2026Envitasyon OfisyèlSipò EnstitisyonèlEntènasyonalVolontèEnskriAntreFè donKonfidansyaliteKòmantèKontakte nou

orgdhnetwork.org